Enstriksyon pou rapòte yon lanmò (Reporting a Death - Haitian Creole)

Enstriksyon Jeneral

Chak Direktè (oswa moun li deziyen) nan yon etablisman oswa pwogram rezidansyèl Biwo pou Moun ki gen Andikap nan Devlopman jere, lisansye oswa sètifye (OPWDD), Biwo Sante Mantal (OMH) ak Biwo Sèvis Abi Sibstans ak Alkòl (OASAS); oswa Biwo Sèvis Fanmi ak Timoun (OCFS), gen obligasyon pou rapòte imedyatman lanmò yon moun vilnerab lè yo dekouvri (temwen oswa aprann) sou kalite lanmò sa. Rapò yo dwe fèt pa pita pase 24 èdtan apre dekouvèt la. Rapò imedyat sou lanmò a pral fèt lè ou rele Liy pou Rapòte Lanmò Rejis Santral Moun ki Vilnerab (VPCR) nan 1-855-373-2124, sa ki separe de liy dirèk VPCR pou rapòte abi, neglijans, ak lòt ensidan enpòtan.

Apre yo fin fè premye rapò a nan liy pou rapò lanmò VPCR, chak Direktè (oswa moun li reprezante) pral ranpli Rapò Justice Center ki deziyen pou lanmò osi byen ke posib nan lespas senk jou ouvrab apre dekouvèt lanmò a. Yo ka jwenn fòm sa nan sitwèb Justice Center e li ka disponib tou nan Sistèm jesyon operatè ensidan Ajans Siveyans Eta (DSA). Chak seksyon nan fòm lan ta dwe ranpli nan pi bon konesans rapòtè a. Kèk nan enfòmasyon yo mande yo ka pa koni oswa disponib nan moman achèvman an. Si enfòmasyon an pa disponib, yo ta dwe bay yon eksplikasyon. Yon rapò otopsi pou moun ki mouri a dwe soumèt tou nan Justice Center nan lespas 60 jou ouvrab. Justice Center ka pwolonje delè sa si yo te montre yon bon koz.

Kondisyon pou Rapòte Abi ak Neglijans

Si pa gen okenn rezon pou sispèk abi oswa neglijans gen rapò avèk yon lanmò, yo dwe rapòte sa yo separeman nan Liy dirèk Rejis Santral pou Moun Vilnerab (VPCR) nan 855-373-2122 annakò avèk egzijans pou rapòtè Mandate Justice Center. Pwogram non-rezidansyèl yo dwe rapòte tou abi ak neglijans ke yo sispèk ki gen rapò avèk yon lanmò nan liy dirèk VPCR la.

Kondisyon pou Rapòte Lanmò

Rapò sou lanmò moun nan etablisman oswa pwogram ki annaprè yo nesesè:

Moun nan tap resevwa sèvis nan yon Biwo pou Moun ki gen Andikap nan Devlopman (OPWDD) nan yon pwogram oswa etablisman rezidansyèl ki jere, lisansye, oswa sètifye nan moman lanmò yo, oswa te resevwa sèvis nan lespas 30 jou apre lanmò yo.

Moun nan tap resevwa sèvis nan yon Biwo Sante Mantal (OMH) nan yon pwogram oswa etablisman rezidansyèl ki jere, lisansye, oswa sètifye nan moman lanmò yo, oswa te resevwa sèvis nan lespas 30 jou apre lanmò yo.

Moun nan tap resevwa sèvis nan yon Biwo Sèvis Abi Sibstans ak Alkòl (OASAS) nan yon pwogram oswa etablisman rezidansyèl ki jere, lisansye, oswa sètifye nan moman lanmò yo, oswa te resevwa sèvis nan lespas 30 jou apre lanmò yo.

Moun nan tap resevwa sèvis nan moman lanmò l, oswa li te resevwa sèvis nan lespas 30 jou anvan lanmò l nan kote ki annaprè yo: yon Biwo Sèvis Fanmi ak Timoun (OCFS) etablisman rezidansyèl oswa pwogram ki jere pou jèn yo mete nan gadavi Komisyonè OCFS; te resevwa sèvis yon etablisman rezidansyèl sètifye oswa ki gen lisans OCFS ki sèvi timoun ki abandone yo, abize, neglije, depandan, moun ki bezwen sipèvizyon, oswa delenkan jivenil; tap resevwa sèvis nan yon Kay Fanmi pou Adilt OCFS; tap resevwa sèvis nan yon pwogram jèn sanzabri ki sove sètifye OCFS; oswa tap resevwa sèvis nan yon etablisman detansyon jèn sètifye OCFS.

Nan ka kote moun kap resevwa sèvis nan men plis pase yonsèl ajans founisè, menmsi ajans founisè yo gen lisans oswa sètifye pa menm Ajans Siveyans Eta, se sèl founisè ajans rezidansyèl la ki dwe rapòte lanmò a bay Justice Center. (Egzanp: yon moun kap resevwa sèvis rezidansyèl Ajans Founisè A, e ki te resevwa sèvis klinik sante mantal nan men Ajans Founisè B; se sèlman Ajans Founisè A ki bezwen rapòte lanmò moun lan nan pi bon kapasite l).

Distribisyon

Direktè yo (oswa moun yo deziyen) ta dwe soumèt Rapò Lanmò Justice Center bay Sekretè Egzekitif, Konsèy Revizyon Medikal Ijyèn Mantal. Yo prefere resevwa fòm sa yo pa faks (518-457-3503) men yo ka soumèt yo pa lapos nan NYS Justice Center pou Pwoteksyon Moun ki gen Bezwen Spesyal, nan 401 State Street, Schenectady, NY 12305. 

Tout etablisman oswa pwogram yo ta dwe asire konfòmite tou avèk lòt lwa ak règleman aplikab yo.

Enstriksyon Jeneral

Kòmansman fòm nan egzije antre Nimewo Konfimasyon Rapò Ensidan Justice Centre ke VPCR te bay nan moman inisyal rapò lanmò a. Enfòmasyon ki idantifye pou defen an nan moman lanmò yo (non konplè, Dat nesans, laj, sèks, etnisite, wotè, ak gwosè) yo mande sa tou. 

Seksyon 1: Enfòmasyon sou Pwogram / Etablisman/ Ajans kap bay rapò a

Seksyon sa a mande enfòmasyon esansyèl sou ajans ak pwogram rezidansyèl spesifik ki te sèvi moun nan: non, tit, ak nimewo kontak pou anplwaye kle nan ajans lan; dat lè moun nan te kòmanse ap resevwa sèvis nan etablisman oswa pwogram nan, ak SOA ki jere, lisansye, oswa sètifye etablisman oswa pwogram nan (OPWDD, OMH, OASAS, oswa OCFS). 

Seksyon 2: Enfòmasyon Benefisyè

Seksyon sa a mande enfòmasyon esansyèl sou moun nan, sa ki gen ladan relasyon avèk ajans kap rapòte a, relasyon moun nan avèk lòt founisè ki koni, dyagnostik ki egziste deja ak medikaman ke yo te pran nan moman lanmò, ak resan medikaman/sikyatrik/vizit pou abi sibstans nan yon Sal dijans (ER) oswa ospitalizasyon ki obligatwa.

Enfòmasyon ki gen rapò avèk relasyon ant ajans lan ak moun kap eseye distenge nivo swen yo te bay yon moun, sa ki kapab klase apati ospitalizasyon/enstitisyonalizasyon, pou kominote rezidansyèl yo, pou sèvis andeyò lopital sèlman. Pou w ranpli seksyon sa a chwazi sa ki pi byen dekri relasyon ant ajans lan ak defen an nan moman lanmò a. Si menm ajans lan te bay moun nan plizyè sèvis, yo ta dwe konsidere tretman ki pi entansif pou ranpli seksyon sa a. Si moun nan te resevwa nenpòt nivo sèvis reziansyèl, kalite pwogram nan ta dwe endike tou (egzanp: Pwogram rezidansyè OPWDD: Pwogrm rezidansyèl ICF, IRA; OMH: Atik 28 Lopital, Atik 31 Lopital, Pwogram CR; OASAS: Sèvis Reyabilitasyon nan lopital, Pwogram MMTP; OCFS: Sant Detansyon Sekirize, RTC). Seksyon sa a eseye tou pou jwenn enfòmasyon sou lòt founisè sèvis, si koni.

Tout dyagnostik ki egziste deja (abi sibstans, medikal, ak sikyatrik) ak medikaman yo te preskri moun lan nan moman lanmò yo ta dwe egzat epi idantifye konplètman nan seksyon sa a. Si kòd ICD ki koresponn pou dyagnostik moun nan disponib yo ka antre l, men li pa obligatwa. Maladi oswa kondisyon ki pa dyagnostike anvan lanmò moun nan, men yo te dekouvri l nan kad yon otopsi oswa egzaminasyon medikal, pa ta dwe anrejistre nan seksyon sa a. Anplis, vizit ER ki pi resan ak/oswa ospitalizasyon ta dwe reflete nan seksyon sa a.  

Seksyon 3: Enfòmasyon sou Lanmò

Seksyon sa a egzije enfòmasyon spesifik sou lanmò moun nan, sa ki gen ladan detèmine fason medikal ak koz lanmò moun nan, kote lanmò a fèt, ak posib evènman ki te fèt anvan lanmò moun nan. 

Dat presiz lanmò a, lè reyèl yo te pwononse lanmò, ansanm avèk adrès ak klasifikasyon kote lanmò a te fèt, yo mande l nan seksyon sa a. Yo konprann ke nivo sèvis yo te bay moun lan nan moman lanmò a pral afekte dirèkteman kapasite ajans lan pou bay enfòmasyon sa a. Pandan ke yo ta prefere lè aktyèl lanmò moun nan, selon nati sèvis yo te bay moun nan, yon otorite medikal te pwononse lè lanmò a (oswa moun li deziyen) kapab bay pi bon enfòmasyon ki disponib. Menm jan, adrès spesifik kote lanmò a te rive, ak klasifikasyon adrès la pral ranpli nan pi bon kapasite rapòtè a. Klasifikasyon lokal la nan fason ki annaprè a:

·Rezidans prive kominotè (endividyèl), rezidans manm fanmi, lokasyon kominote jeneral)

·Lopital

·Rezidans (jere, lisansye, oswa nan yon anviwonman rezidansyèl sètifye)

·Enkoni (lokasyon spesifik kote lanmò a te fèt enkoni pou rapòtè a)

Koz endividyèl Lanmò a (COD) ank fason lanmò a te rive (MOD) ta dwe soti nan yon sous fyab, preferableman, yon Sètifika Lanmò, Rezime Lopital, oswa rapò vèbal yon doktè lejis oswa Egzaminatè Medikal (ME). Sof si li dirèkteman spesifye nan dokiman medikal la, yo pa ta dwe bay “Arè Kadyo-Pilmonè” kòm yon COD; Arè Kadyo-Pilmonè avèk chak lanmò. Nou konprann yo ka pa konnen enfòmasyon sa a oswa disponib, patikilyèman pou moun kap resevwa sèvis non-rezidansyèl yo. Si wi, endisponiblite enfòmasyon sa a ta dwe reflete nan fòm avèk yon eksplikasyon; yo pa ta dwe kite atik yo vid.

Rès enfòmasyon nan seksyon sa nan fòm nan bezwen plis enfòmasyon osijè sikonstans imedyat ki kondwi nan lanmò moun nan. Enfòmasyon ki endike si moun nan gen anplas òdonans legal Pa Entibe (DNI)/Pa resisite (DNR) oswa te resevwa medikaman ijans pou rezon sikyatrik/konpòtman nan lespas 24 èdtan lanmò a ta dwe idantifye fasilman pa founisè rezidansyèl yo.

Seksyon 4: Rezime Naratif

Seksyon sa a egzije enfòmasyon spesyal sou prezantasyon konpòtman ak sikyatrik, medikal moun nan 90 jou annavan lanmò yo. Depannde nivo sèvis yo te bay moun nan, enfòmasyon spesifik obligatwa osijè pwoblèm sikyatrik ak medikal woutin ki kondwi a lanmò moun nan, sipèvizyon ak rejim alimantè moun nan anplas pandan peryòd tan sa, ak yon ilistrasyon sou nenpòt gwo chanjman nan sèvis dispozisyon/tretman/fonksyonman ki te rive moun nan.

Enfòmasyon sou swen medikal woutin moun nan pral senpleman montre prezans enplikasyon founisè medikal avèk moun nan ak konsiltasyon ki pi resan avèk founisè a. Nan pifò ka yo, idantifikasyon pwoblèm medikal nan dènye 90 jou ki sot pase pral senpleman montre prezans sou pwoblèm spesifik, sof pou pran ak pèdi pwa ak chanjman nan abitid entesten. Pwoblèm sa yo pral egzije enfòmasyon sou gravite kondisyon chanjman sa a egzanp: moun nan te pran 35 liv nan dènye 90 jou yo; yo te jwenn moun nan te genyen yon obstriksyon entestinal pasyèl 7 jou anvan lanmò a). 

Enfòmasyon sou mezi pwoteksyon anplas pou moun nan pral gen ladan, men li pa limite a, yon deskripsyon sou nenpòt nivo sipèvizyon preskri moun nan te resevwa ak nenpòt chanjman nan nivo sipèvizyon sa a (egzanp: nivo sipèvizyon moun nan te ogmante de 15 minit pou rive a sipèvizyon konstan de jou anvan lanmò a akoz kantite epizòd konpòtman; moun nan te nan yon sant detansyon sekirize e li te kontwole vizyèlman pandan toutan sof pandan lannwit, lè yo te sekirize moun lan nan chanm li).

Enfòmasyon sou nitrisyon pral mande prekosyon medikal pou moun yo te sèvi, ansanm avèk yon evalyasyon inisyal ki vize pou detèmine si yo te swiv prekosyon alimantè yo nan moman moun nan te mouri. 

 

Nenpòt chanjman ke yo te idantifye nan rejim tretman, sèvis moun nan, ak nivo fonksyonman pral ilistre nan de kazye senp nan fòm lan, e yo ta dwe dekri tou nan seksyon naratif ki annaprè a. Nenpòt lòt enfòmasyon ki mande plis klarifikasyon oswa eksplikasyon yo ta dwe bay li nan seksyon sa a, ansanm avèk nenpòt lòt enfòmasyon ki kapab yon faktè pou ilistre/eksplike sikonstans ak/oswa koz lanmò moun nan. Nan ka lanmò toudenkou oswa sanzatann nan yon inite lopital oswa nan yon anviwonman rezidansyèl, enfòmasyon sou kondisyon kò ak faktè anviwonman yo souvan enpòtan pou anketè yo e yo ta dwe note ak anrejistre nan seksyon sa a.