Definisyon Abi ak Neglijans
Lwa NY defini abi ak neglijans moun ki vilnerab yo an tèm laj, sa ki gen ladan alafwa prejidis reyèl ak risk pou prejidis.
Abi Fizik
Kontak entansyonèl (frape, kout pye, baskilad, elatriye) pinisyon kòporèl, blesi ki pa ka eksplike e ki sispèk akoz gravite oswa kote li ye a, kantite blesi alafwa, oswa frekans pandan letan.
Abi Sikolojik
Ridikilize, bay non, itilize mo oswa jès menasan
Abi Seksyèl
Manyen inapwopriye, ekspozisyon endesan, agresyon seksyèl oswa distribye foto ki evidan seksyèlman, gratifikasyon oswa lòt eksplwatasyon seksyèl. Tout kontak seksyèl ant yon gadyen ak yon benefisyè sèvis se abi seksyèl, sof si gadyen an se moun kap resevwa sèvis yo tou.
Neglijans
Neglije pou bay sipèvizyon, oswa manje, rad, abri, swen sante adekwat; oswa aksè a yon etablisman edikasyon
Move itilizasyon reflechi sou restriksyon oswa entimidasyon
Itilizasyon entèvansyon sa yo avèk anpil fòs, kòm yon pinisyon oswa pou konvenyans anplwaye yo
Sibstans Kontwole
Itilize, administre oswa bay nenpòt sibstans kontwole ki kontrè avèk lalwa
Kondisyon Repiyans
Itilizasyon kondisyon fizik dezagreyab pou modifye konpòtman san otorizasyon legal spesifik
Obstak
Entèfere avèk dekouvèt la, rapòte oswa ankete abi/neglijans, modifye dosye oswa entansyonèlman fè fo deklarasyon